Caribbean Life, SEPTEMBER 10-16, 2021 31
Yon etid sou swen ijan pou viktim chòk
twomatis grav nan sèvo yo pral òganize nan
zòn sa a.
NYC Health + Lopital / Kings County ap fè yon etid rechèch pou
chèche konnen si youn nan de (2) estrateji pou kontwole ak trete
pasyan ki gen gwo domaj twomatik nan sèvo ki nan inite swen
entansif (ICU) gen plis chans pou ede eta sante yo amelyore.
Toude nan estrateji altènatif sa yo yo te itilize nan swen estanda.
Li po ko detèmine si youn pi efikas pase lòt la.
Nan premye estrateji a, doktè yo konsantre sou anpeche gwo
presyon entrakranyen anfleman sèvo a lakòz. Nan lòt estrateji a,
doktè yo eseye anpeche gwo presyon entrakranyen epi eseye tou
anpeche nivo oksijèn nan sèvo ki ba. Etid sa a pral dekouvri si
youn nan estrateji sa yo gen plis sekirite epi pi efikas.
Etandone blesi nan tèt se yon pwoblèm medikal ki menase lavi epi
ki mande tretman imedyat, kèk pasyan pral enskri san yo pa an
mezi bay konsantman, sizoka yon manm fanmi oswa yon
reprezantan pa ta disponib rapidman. Anvan etid la kòmanse, nou
pral konsilte avèk kominote a. Nou akeyi fidbak ak kesyon ou yo.
Pou jwenn plis enfòmasyon oubyen pou refize patisipe nan etid sa a, tanpri ale nan boost3trial.org
oubyen kontakte estaf etid la nan 718-270-7786.
Envestigatè Prensipal: Dr. Michelle Feinberg MD &
Dr. James Soh MD PhD
Kowòdonatè Etid: Nadege Gilles, MPH
KingsCountyBOOST3@gmail.com
Eskane kòd QR la
pou wè albòm
Facebook BOOST-3
Eskane kòd
QR pou gade
videyo a
Eskane kòd QR
la pou ranpli sondaj
nou an
link
/boost3trial.org
link